top of page

KITE LIBÈTE A REGNE AN AYITI

  • Writer: BLFH
    BLFH
  • Jun 12, 2024
  • 1 min read

Bondye pa sèlman bay moun libète, men Li respekte libète yo pou yo chwazi. Nan premye Samyèl 8:4-9 ansyen yo ak pèp Izrayèl la te mande Pou Samyèl nome yon wa sou yo. Samyèl pa t renmen sa pèp la te mande Bondye ya, men li te ale kot Bondye ak demann pèp la. Bondye te enstwi Samyèl pou l koute pèp la e pou l akonpli dezi pèp la. Bondye pa t ‘ fòse pèp la sou anyen; Olye de sa, li te trete yo avèk respè e li te kite yo gen sa yo vle. Kèlkeswa si dezi yo genyen yo bon oswa move, moun yo se granmou e Bondye rekonèt sa.

Ayiti te trete pi mal pase yon timoun nan dat 25 avril 2024, pa kominote entènasyonal la, patikilyèman Etazini. Yo enpoze yon gouvènman sèt tèt, ak de lòt chèf konseye, Ayisyen tou pa tou opoze sa. Se trè de respektan pou fè yon bagay konsa sou Ayiti, men Bondye pran nòt sou sa. Ayiti ta dwe gen libète pou fè tou sa yo vle nan peyi yo, menm jan ak Adan, Èv ak Izrayelit yo te gen libète pou yo fè tou sa yo te vle, e Bondye pa t kampe yo.

Comments


bottom of page